Mettez à jour vos Paramètres de Cookies pour utiliser cette fonctionnalité.
Cliquez sur 'Tout autoriser' ou activez uniquement les 'Cookies pour une publicité ciblée '
En continuant, vous acceptez notre Politique de confidentialité qui détaille comment vos données sont utilisées et sécurisées.
J'ai compris
Pwofesè nan Inivèsite Leta a mande Rekonesans Repiblik popilè Lachin !

Pwofesè nan Inivèsite Leta a mande Rekonesans Repiblik popilè Lachin !

1 personnes ont signé. Allons jusqu'à
50 soutiens

Fermer

Finaliser votre signature

,
En continuant, vous acceptez de recevoir les courriels d'Avaaz. Notre Politique de confidentialité protège vos données et explique comment elles peuvent être utilisées. Vous pouvez vous désinscrire à tout moment. Si vous avez moins de 16 ans, demandez l'accord de votre responsable légal.
Cette pétition a été lancée par Nelson B. et ne représente peut-être pas un positionnement d'Avaaz
Nelson B.
a lancé une pétition à destination de
TOUT PÈP AYISYEN AN
Ayiti dwe egzèse dwa granmoun tèt li nan sa ki gen pou wè ak diplomasi. Rekonesans Repiblik popilè Lachin ap nan avantaj peyi d Ayiti, sa ap pèmèt peyi a tire gwo benefis pandan 21yèm syèk la.
Depi lè Gè Fwad la fini, diplomasi kout zam ak kout kanno pa alamòd ankò, ni peyi grann puisans yo p ap chache fè lagè nan voye wòch kache men atravè lòt peyi. Globalizasyon kominikasyon ak sikilasyon lide ak imaj nan monn nan oblije sosyete yo wè bagay la yon lòt jan ak linèt entelijans tou nèf. Pwennvi reyalis ki te domine relasyon ant nasyon yo depi lontan pa alamòd ankò ; pwennvi sa a efase tikras pa tikras e li kite plas li pou yon seri lòt apwòch tankou apwòch transnasyonal ak apwòch polisantrik nan relasyon entènasyonal yo. Konsa, kontèks n ap viv la mande pou Ayiti pran yon desizyon radikal pou adapte diplomasi l la nan enterè nasyon an.
Ayiti DWE rekonèt epi chwazi Repiblik Lachin popilè kòm sèl Eta souvren e lejitim ki ka pale nan non pèp chinwa a !
Pou ki sa Ayiti DWE rekonèt epi chwazi Repiblik Lachin popilè ? Gen anpil rezon pou sa e chwa sa a kapab pote anpil benefis pou nasyon an. Nasyonzini pa rekonèt Taywann kòm Eta. Se sèlman 16 ti peyi ki rekonèt li anba presyon peyi grann puisans yo. Pandanstan, gwo peyi puisan sa yo yo menm pa gen anbasad Taywann lakay yo. Pou ki sa Ayiti li menm dwe kontinye genyen anbasad Taywann lakay li ? Pa gen okenn rezon pou sa ! Li p ap janm nan enterè nasyon an si peyi a kontinye rekonèt Taywann kòm yon Eta e se ta kreye kondisyon malouk pou Ayiti soti viktim relasyon bilateral ki pi enpòtan nan 21èm syèk la. Ayiti pa dwe antre nan lojik chwazi zanmi ak lènmi sou sèn entènasyonal la. Prensip fondamantal Revolisyon 1804 la klè e li konsakre dwa tout pèp genyen pou yo pran desizyon k ap bon pou yo e ki konsène avni yo. Li plede tou pou rapò ki chita sou baz egalite, respè ak tout lòt peyi. Ayiti ka zanmi TOUT peyi sou latè !

Publiée (Mis à jour )